Respekté liv maryaj la fè sal di yo.

Yon moun ki marye ki fè yon bann tan ki pa wè avek madam li, se komsi se yon moun ki rabi. Se komsi se yon moun ki nan blòf, ki fè yon bagay pou Bondye wè li fè bagay la. Tankou lè yon ti bébé ap kriye pou tété, epi yo meté yon sison nan bouch li poul souse nan plas tété a. Ti bébé sa vin pa kriye ankò li vin pé, lè sa ou blofé timoun nan. Saa se ti bébé ou ka blofé konsa, men yon moun paka blofé Bondye konsa.  Oumenm kap fè 3 mwa, kap fè 6 mwa ou pa janm wè madanm ou, konyea ou vin rabi, wap pran Bondye daso nan lidew wap di ou gen madanm. Alé rafréchi memwa lanmou oumenm avek madanm ou, lè sa wa di ou gen madanm.

Al li 10 komandman yo pouw wè siw pap jwen lavi maryaj la nan komandman yo.  Tout saw wè nan liv maryaj la, respekte yo paske se liv Bondye a li ye. Moun ki pa marye, marye, aprè sa nou pa sou wout la. Satan konen nou gen dèt sa sou do nou, nou poko metél atè, lap veyé nou.  Se pou tout moun marye, tout moun dwé marye pou yo swiv chemen Bondye a, pouw vin janw dwé ye. Se pou tout moun respekté liv maryaj la, pouw fè sal di yo. Ou gen angajman pouw fèl janl dwé ye a, pran responsablitéw, metew an règ. Epi konyea la wa mande padon, lè sa péchéw yo a padoné. Ou pa maché ak liv maryaj la pou fè sal diw fè yo, se li kap kondwiw al nan lanfèw. Fè sal di a kòm sa dwa. Lèw marye fòw respekté maryaj ou, pouw kenbe maryaj ou, pou maryaj ou fè chimenl, epi meté moun sou wout la. Fè yo konen ki sak pral pasé yo si yo pa marye.

Gen yon mo Satan lagé bay tout moun, e tout moun ki répété pawol saa ap peyé sa. Pawol ki di: “kiyès ou ye pouw gen yon fanm pou kòw; Kiyès ou ye pouw gen yon nèg pou kòw.” Se yon pawol Satan lagé, e moun ki adoptel yo, yap peyé paske Bondye gen janl dil, Seyè a gen jan dil. Pou tout sa nou pran, dèt tout zafè nou peyé. Nou parèt nou vin jwen tout afè nou peyé déjà, poun paka respekté moun ki peyé pou nou an ? Yon moun ki koulé sanl poul peyé dèt péchéw pouwou, ou paka konpran sa ? Nal konté sou mechan an, ki di lap gen moun pasé sab bò lanmè, se pa moun lap genyen pase sab bò lanmè, lap gen fatra pasé sab bò lanmè. Moun yo se Bondye ki genyen yo. Se pa tout moun ou wè devanw pou konn se moun yo ye, genyen se fatra yo ye. Genyen menm si nou wè yo fèt jan yo fèt la, men se fatra yo ye.  Se pou nou toujou prè pou nou di Satan ap gen fatra pasé sab bò lanmè, menl paka gen moun pasé sab bò lanmè, paske moun yo se bòkote Bondye yo ye.

Reté la nap kontinye. Nap raplew : Lèya rive sou nou, repanti, soti nan fot nou yo pou nou prepare nou, e mete nou sou men nou. Mond envizib Satan an pral vizib byento, yo pral pèsekite nou e sa pral komanse prèske touswit. Lajan pa anyen, se lavi etènèl la ki enpotan. Imilye tout bagay pou nou antre anba vant Bondye, epi priye Bondye nou fò pou nou ka jwen lavi etènèl la. Toujou asire nou sou zèv nou yo, pou nou kapab ede lòt yo konpran tèt yo, pou yo swiv chemen an. Yon moun ki travay pou lavi kontinye sou tèya, pou toujou gen moun sou tèya pou rekonstwil, ou fè yon gwo travay e travay sa respekte. Travay pou nou sove tout sa ki ka sove yo. Bondye renmen tout moun kap fè efò pou yo sove e kap travay pou sove lòt yo. Tout moun dwe marye pou yo soti nan adlitè pou yo kapab sove. Download ti liv maryaj la sou lechemen.com pou nou fè tout moun konen si yo pa marye jan Bondye mandel la yo pap ka sove. Pifò moun pa menm pran yon jou pou Bondye, yo pa sou travay. Yo leve yal legliz chak dimanch oswa samdi nan lide yap sèvi Bondye. Yale legliz epi yo gentan wè yo twò bon. Non, ou pa bon, ou poko janm bon. Se travay Bondye sèlman ki garanti lavi etènèl la e siw pa travay wap mouri. Ou fèt pou priye Bondye chak jou. Ou fèt pouw fè ak ankouraje travay Bondye a chak jou, pouw fè moun yo sonje kiyès yo ye, pouw fè yo sonje yo pa pou kont yo, pouw fè yo sonje yo gen yon mèt pou yo fè volonte mèt yo. Pou sak vle tande ya tande, sak pa vle tande ya reté, men oumenm ou fè travay paw la. Se travay sa tout moun dwe fè. Mesaj Bondye yo pa jwèt, yon moun ki gen chans jwen yo, ou pa pataje’l avek lòt moun yo pou yo sove, enben ou responsab, se ou kap peye sa. 

Comments

Popular posts from this blog

Dios castigará a Gog

El pueblo de Israel se levantará de nuevo

Cuando todo termine, continúa.